NOUVÈL CHO! – FÈ ATANSYON AK FO PWOPAGANN YO!
Mwen sezi wè jiskaprezan gen moun k ap rele m pou mande ki jan yo ka peye $1,000 pou fè antre kèk fanmi nan yon pwogram imigrasyon.
Mezanmi, sispann ak koze sa!
Ann reflechi yon ti moman:
Eske nou ka vrèman kwè, nan moman politik ak imigrasyon sa a, administrasyon aktyèl la ta lanse yon pwogram konsa pou “achte antre” pou fanmi?
Sa pa fè sans ditou.
Si, e sèlman si yon bagay konsa ta egziste, sa ta dwe yon mirak, e li tap pibliye klè sou sit USCIS oswa DHS.
Jouk jounen jodi a, pa gen okenn pwogram ofisyèl ki mande pèsonn peye $1,000 pou fè yon moun antre Ozetazini.
Atansyon ak moun kap pwofite sou move enfòmasyon!
Toujou verifye sous yo, li nòt ofisyèl yo, e si w gen dout — pale ak yon moun ki konprann sistèm nan.
Pa kite okenn moun fè w pèdi lajan oswa fè w antre nan pwoblèm ak imigrasyon.
Frantz Multi Services LLC
(302) 653-3681
Frantz Multi Services, LLC
Income Tax Preparation and Immigration Services Look around our website and if you have any comments or questions, please feel free to contact us.
Frantz Multi Services is focused on providing high-quality service and customer satisfaction - we will do everything we can to meet and even exceed your expectations. We pride ourselves in always providing reliable immigration and citizenship form filling services; French, Creole and English document translation and tax services, DHL shipping services, personalized client care, and reasonable pric
NOUVÈL CHO! – TPS POU HAITI
Nou pote yon mizajou enpòtan pou tout moun ki gen TPS.
Nan dat 3 Oktòb 2025, Kou Siprèm Etazini te bay Administrasyon Prezidan Donald Trump otorizasyon pou kontinye ak plan pou retire TPS pou migran Venezyelyen yo.
Sa vle di dosye TPS pou Venezyela kapab chanje rapidman, paske Kou Siprèm lan leve entèdiksyon tribinal la ki t ap bloke aksyon gouvènman an.
Pou Ayiti, sitiyasyon an diferan. Administrasyon an pa te prezante ka TPS Ayiti a devan Kou Siprèm.
Sa vle di desizyon Jij Edward Chen, ki te pwoteje TPS pou Ayiti, toujou an efè.
Kounye a, TPS Ayiti rete valab jiska 3 fevriye 2026, dapre pwolongasyon ak desizyon tribinal la.
Nou ankouraje tout moun ki gen TPS pou:
-Rete enfòme sou tout nouvèl ofisyèl ki soti nan USCIS oswa DHS.
-Pa fè panik, men kontinye priye pou sitiyasyon an rete pozitif.
-Kontakte biwo nou pou nenpòt kesyon oswa renouvèlman TPS.
Frantz Multi Services LLC, ap kontinye swiv dosye a avèk atansyon epi n ap mete nou ajou lè gen nenpòt chanjman.
Adrès: 377 Post Blvd, Dover, DE 19904
Telefòn: 302-653-3681
03/13/2025
Celebrating my 12th year on Facebook. Thank you for your continuing support. I could never have made it without you. 🙏🤗🎉
Nouvèl Cho!
Kiyès ki deja anrejistre?
Poukisa ou panike?
Si ou te deja ale nan yon biwo konsila oswa imigrasyon anvan ou antre Ozetazini, ou deja anrejistre.
Egzanp:
* Ou te antre ak viza
* Ou te pase nan CBP One
* Ou te antre nan pwogram “Biden”
Mwen pa bezwen diw si ou rezidan, oubyen ou sitwayen Ameriken.
Konnen estati ou!
Ou ka bay ti fanmiw rezidans fasil isit menm si le antre nan pwogram Biden lan, ak viza, etc…
Nouvèl Cho!
Avis Important à Nos Clients : Restez Calmes et Informés
Chers clients,
Nous comprenons que les récentes annonces concernant les politiques migratoires puissent susciter des inquiétudes. Cependant, nous souhaitons vous rappeler qu’il est essentiel de rester calmes et bien informés avant de tirer des conclusions hâtives.
Les nouvelles mesures mises en place par l’administration actuelle visent principalement les personnes en situation irrégulière. Si vous avez déjà entamé des démarches de régularisation ou si vous êtes bénéficiaire d’un programme migratoire légal, vous ne devriez pas être directement concerné par ces nouvelles dispositions.
Nous vous encourageons à :
1. Rester informés à partir de sources officielles et fiables afin d’éviter toute désinformation.
2. Continuer vos démarches administratives si vous êtes en cours de régularisation.
3. Nous contacter pour toute question ou préoccupation, afin que nous puissions vous orienter au mieux selon votre situation.
Votre sécurité et votre tranquillité d’esprit sont notre priorité. Nous vous assurons de notre engagement à vous accompagner dans ce contexte et à vous fournir des informations précises et actualisées.
Cordialement,
F. Desir
Frantz Multi Services LLC
(302) 653-3681.
Nouvèl Cho!
Nòt Enfòmasyon sou Dispozisyon ASAP kont Administrasyon Prezidan Trump
Mwen vle pataje ak nou kèk enfòmasyon sou mezi òganizasyon ASAP (Asylum Seeker Advocacy Project) ap pran kont administrasyon Prezidan Trump konsènan chanjman ki ta ka afekte dwa timoun ki fèt Ozetazini de paran ki pa gen estati imigratwa legal.
Administrasyon Trump te eseye mete restriksyon sou 14yèm Amannman Konstitisyon Etazini, ki garanti otomatikman sitwayènte pou tout moun ki fèt sou tè ameriken, san konsiderasyon sou estati imigratwa paran yo. Sa vle di, si desizyon sa te pase, timoun ki fèt isit de paran san papye pa t ap otomatikman jwenn sitwayènte ameriken.
Pou konbat sa, ASAP te pran dispozisyon legal pou mennen administrasyon an devan lajistis ak objektif pou:
1. Pwoteje dwa timoun ki fèt Ozetazini – ASAP ap defann prensip konstitisyonèl ki bay timoun sa yo sitwayènte otomatik.
2. Mennen batay legal kont desizyon an – Avoka ASAP yo angaje pou konteste desizyon administrasyon an nan tribinal.
3. Enfòme kominote a – ASAP ap mete resous ak enfòmasyon disponib pou ede paran ki konsène yo konprann dwa yo epi chèche asistans si sa nesesè.
4. Kolabore ak lòt òganizasyon – ASAP ap travay ansanm ak lòt gwoup dwa sivil pou defann dwa imigran yo epi mete presyon sou gouvènman an.
Li enpòtan pou tout moun ki afekte oswa ki enterese pran konesans sou batay legal sa a epi swiv dènye nouvèl yo pou konnen kijan li kapab enfliyanse lavi w.
Si ou vle plis detay sou demach ASAP la, ou ka vizite sit entènèt yo .
Sonje: Dwa timoun yo se yon bagay ki enpòtan epi ki merite tout atansyon nou.
Mwen espere enfòmasyon sa a ka ede nou konprann pi byen sitiyasyon an .
Nouvèl Cho!
Nòt pou Imigran Ayisyen yo sou Nouvo Mwayen Kontwòl Imigrasyon Ozetazini
Dènye mezi imigrasyon administrasyon Prezidan Trump ap mete an plas yo reprezante yon gwo menas pou imigran ki pa gen estati legal Ozetazini. Lwa ki sou tab Sena a prevwa sanksyon sevè pou moun k ap viv ilegalman nan peyi a epi k ap komèt zak tankou vòl, fwod, oswa lòt aktivite ilegal. Lalwa sa a ka mennen nan prizon epi depòtasyon imigran ki pa respekte règ imigrasyon yo.
Yon pwen ki vrèman enpòtan pou kominote Ayisyèn nan se kesyon kondwi san lisans ak san asirans machin. Pratik sa a mete moun an danje epi ka atire atansyon otorite imigrasyon yo. Li enpòtan pou chak moun pran konsyans epi evite sitiyasyon ki ka mete yo an difikilte ak otorite yo.
Nou ankouraje tout imigran pou yo pran prekosyon, suiv lwa lokal yo, epi chèche konsèy legal si sa nesesè pou pwoteje tèt yo ak fanmi yo.
Frantz Multi Services LLC
302-653-3681
19 Janvye 2025
Saw dwe konnen si Jij la fèmen dosye Azil ou!
Si jij la fèmen dosye azil ou a (pa egzanp, mete li sou kote nèt , anile l, oswa fèmen li administrativman ), kapasite w pou aplike oswa renouvle kat travay ou anba kategori C08 (aplikan azil) depann de jan dosye a te fèmen:
1. Rejete oswa Fèmen Nèt (Dismissal oswa Termination):
• Si yo rejte oswa fèmen nèt dosye azil ou, ou pap konsidere ankò kòm yon aplikan azil. Sa vle di ou pap kalifye pou yon kat travay anba kategori C08, sof si ou re-aplike pou azil oswa ou fè re-ouvri dosye w.
2. Fèmen Administrativman (Administrative Closure):
• Si yo fèmen dosye a administrativman, ou toujou nan pwosè imigrasyon, epi aplikasyon azil ou a rete an atant. Nan ka sa a, ou ka toujou aplike pou oswa renouvle kat travay ou anba kategori C08 si aplikasyon azil ou toujou an atant epi ou satisfè kondisyon yo.
3. Si Jij la Rejte Aplikasyon ou (Denial):
• Si jij la rejte aplikasyon azil ou nèt, epi ou pa fè apèl oswa re-ouvri dosye a, ou pap ka renouvle kat travay ou anba kategori C08, paske ou pa konsidere kòm yon aplikan azil ankò.
Pwen Enpòtan:
• Si ou pa sèten sou estati dosye w, tcheke estati dosye a oswa konsilte ak yon avoka imigrasyon ki gen eksperyans.
• Si kat travay ou baze sou kategori C08, asire w ou renouvle l alè (si ou kalifye) pou evite peryòd kote ou pa otorize pou travay. Anjeneral, ou ka aplike pou renouvle l 180 jou avan li ekspire.
Frantz Multi Services LLC
392-653-3681
01/13/2025
Up next!
Brunch is up from 1-5pm today. Top food, top music. Dover's finest. Be there.
For inquiries or bookings, send a DM
Nouvèl Cho!
Men lis peyi ki gen “TPS” nan moman nap pale la.
Afghanistan
Burma (Myanmar)
Cameroon
El Salvador
Ethiopia
Haiti
Honduras
Lebanon
Nepal
Nicaragua
Somalia
South Sudan
Sudan
Syria
Ukraine
Venezuela
Yemen
01/10/2025
Nouvèl Cho!
Ce qui me préoccupe profondément, c’est de voir certains compatriotes aborder des sujets qu’ils ne maîtrisent pas, notamment en ce qui concerne l’immigration. À travers leurs discours mal informés, ils contribuent involontairement à semer la panique parmi nos frères et sœurs.
Je leur lance un appel sincère : avant de partager des informations, prenez le temps de vous informer correctement. La désinformation ne profite à personne et peut avoir des conséquences graves pour ceux qui cherchent déjà à naviguer dans des situations complexes et stressantes.
Nous avons tous une responsabilité collective : celle de propager des faits avérés et d’encourager nos confrères à rester calmes et bien préparés. Restons solidaires et responsables pour éviter de causer plus de tort que de bien.
Frantz Multi Services LLC.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Location
Category
Address
377 Post Boulevard
Dover, DE
19904
Opening Hours
| Monday | 5pm - 6:30pm |
| Tuesday | 5pm - 6:30pm |
| Wednesday | 5pm - 6:30pm |
| Thursday | 5pm - 6:30pm |
| Friday | 5pm - 6:30pm |
| Saturday | 9am - 7pm |
| Sunday | 1pm - 3:30pm |