25/11/2023
Anpil jèn itilize rezo sosyal pou yo di sa yo panse de yon sijè oubyen pou poste bèl foto. Men, map konseye ou itlize yon rezo sosyal yo tankou LinkedIn, lap pèmè ou van tèt ou antanke pwofesyonèl. Mwen pral esplike w poukisa yon pwofesyonèl ta dwe itilize platfòm sa.
LinkedIn se yon rezo sosyal ki parèt nan lane 2003, e ke Microsoft te achte an 2016. LinkedIn se yon rezo sosyal kote pwofesyonèl mete tèt yo an valè. Se yon rezo kote ou ka pataje ak pibliye sa ou te etidye ak sa w ap ekzèse kòm metye. Se yon espas kote ou ka alafwa ap fè pwomosyon pou karyè pwofesyonèl ou pandan w ap aprann chak jou pou w ka vin pi pèfòman.
Anmenmtan, LinkedIn se yon espas anpil antrepriz itilize pou ofri sèvis ak lanse òf anplwa pou rekrite pwofesyonèl kalifye. Menm jan antrepriz yo ofri sèvis ak dyòb sou platfòm lan, yon moun ka itilize LinkedIn pou ofri sèvis tankou fòmasyon epi yo ka itilize rezo a pou yo chache dyòb tou. Ou ka lanse yon deman staj tou si w fenk fin etidye.
Jounen jodi a, anpil jèn Ayisyen ap chache opòtinite tout kote. Genyen ki ap chache travay, fòmasyon, envestisè ki pou kolabore ak yo nan pwojè yo ap lanse, elatriye. LinkedIn bay posibilite sa ak anpil lòt ankò. Men, ou dwe gen yon pwofil enteresan ki ap pèmèt ou fè rezotaj. Rezotaj la se lè ou rive gen bon rapò ak anpil pwofesyonèl. Pwofesyonèl sa yo ka alafwa nan menm domèn ak ou ansanm avèk sila yo ka pa nan menm domèn ak ou, men ou kapab rive gen uon lyen ak plizyè pwofesyonèl gras ak travay ou reyalize.
Apati de jodia, oumenm jèn ki gen kèlkeswa metye a nan menw, itilize LinkedIn pou'w kapab jwenn kèk opòtinite ke'w pat menm espere. Pa bliye Ane 2024 la pap janw pansel la, pousa ou sipoze fòme'w nan kèk domèn sitou nan domèn dijital👌