07/28/2026
Nouvo Desizyon USCIS sou Azil la: Sa ou Dwe Konnen
Depatman Sekirite Nasyonal (DHS) ansanm ak USCIS anonse yon nouvo regilasyon entèmedyè ki vize pou redwi gwo kantite dosye ki anreta nan sistèm azil la.
Dapre nouvo direktiv sa a:
Voye Ou Devan Jij San Entèvyou:
USCIS kounye a gen otorite pou voye aplikasyon azil yo dirèkteman bay Jij Imigrasyon (Immigration Judges) nan Depatman Jistis la san yo pa bezwen fè entèvyou ak moun nan anvan sa.
---
Objektif Desizyon an:
Otorite Ameriken yo deklare chanjman sa a fèt pou anpeche reta epi akoz gen moun ki itilize sistèm sa a yon fason pou jwenn otorizasyon travay san yo pa gen yon dosye ki solid. Sa vle di pwosesis la pral pi rapid, men li mande pou chak moun byen prepare defans yo devan tribinal la si tout fwa yo transfere dosye yo a.
---
Rekòmandasyon pou Kominote a
1. Enpòtans Enfòmasyon Fyab:
Move enfòmasyon ka lage moun k ap chèche mete tèt yo legal nan anpil pwoblèm. Li enpòtan pou toujou tcheke sit USCIS la pou jwenn dènye mizajou yo.
2. Konsiltasyon Legal:
Chak ka diferan. Moun chanjman sa a afekte yo ta dwe pale ak yon avoka imigrasyon ki kalifye oswa yon òganizasyon sètifye pou jwenn bon oryantasyon sou dosye azil yo.