01/08/2026
Bonjou tout moun, mwen se Celine, fondatè Kajou.
Avèk plis pase 3 ane eksperyans nan sèvis sosyal, mwen te travay kòm tradiktè ak defansè fanmi pou ede fanmi yo nan tranzisyon yo lè yo rive Amerik. Depi travay tradiksyon nan sèvis entèvansyon bonè jiska defans ak travay sosyal nan sant resous fanmi, mwen te akonpaye anpil fanmi ki t ap navige sistèm ebèjman ak baryè imigrasyon.
Kounye a, mwen pran pasyon sa a pou m bati pwòp pratik pa m pou ede moun navige lojman, sipò imigrasyon, taks, ak plis ankò.
Mwen ofri preparasyon taks, tradiksyon dokiman an franse ak kreyòl ayisyen, ak entèpretasyon an pèsòn nan kreyòl ayisyen. Mwen la tou pou ede fanmi yo prepare papye imigrasyon lè m tradui dokiman yo epi ede w òganize sa w bezwen. Mwen la pou ede w jere lavi chak jou, epi prepare pou nenpòt sikonstans ki ka rive.
Rele kounye a pou mete randevou pou yon 15 minit konsiltasyon gratis, fè yon reyinyon sou Zoom, oswa voye yon tèks pou nou kòmanse yon entak epi konprann bezwen w yo. Vizite paj Facebook ak Instagram nou pou wè meni pri nou ak plis detay.
Rezève avèk nou kounye a. Nou la pou ede w kanpe fò devan nenpòt bagay ki vin sou wout ou. 🌱
----
Hi everyone, I'm Celine, founder of Kajou.
With over 3 years of experience in social services, I've worked as a translator and family advocate helping families through their transition to life in America. From translation work in early intervention settings to advocacy and social work at family resource centers, I've walked alongside many families navigating the shelter system and immigration barriers.
Now I've taken that passion and built my own practice to help people navigate housing, immigration support, taxes, and more.
I offer tax preparation, document translation in French and Haitian Creole, and in person interpretation in Haitian Creole. I also support families preparing immigration paperwork by translating documents and helping you organize what's needed. I'm here to help you handle daily life and prepare for whatever comes your way.
Call for a free 15 minute consultation, or text us to start your intake, and we’ll book a Zoom meeting. Visit our Facebook and Instagram pages for our price menu and more details.
Book with us today. We're here to help you meet whatever comes with strength and support. 🌱